Sorry, you need to enable JavaScript to visit this website.
 

Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)


Temporary Cash Assistance (TCA)


Additional Resources and Services


Public Benefits Integrity


Applying for Assistance


Homelessness


Medicaid


Refugee Services


English  |  Español

P-EBT Ete 2023 Kesyon yo Poze Souvan

    1. Kisa P-EBT Pandan Ete a ye?
    Pwogram P-EBT pandan ete a konplete repa pou mwa ete yo lè li bay avantaj fanmi yo ka itilize pou achte pwovizyon pou pitit yo.
    2. Ki elèv ki elijib pou avantaj P-EBT Pandan Ete 2023?

    P-EBT disponib pou tout elèv ki gen laj lekòl ki te ale nan yon lekòl ki te patisipe nan Pwogram Nasyonal Manje midi (NSLP) ak Pwogram Dejene Lekòl (SBP) pandan ane eskolè 2022-2023 epi ki reponn ak youn nan kondisyon sa yo: 

    • Elèv ki te sètifye dirèkteman pou manje lekòl gratis pou resevwa SNAP (Asistans Manje), TANF (Asistans Finansye Tanporè) oswa Medicaid.
    • Elèv ki te ale nan yon lekòl ki te patisipe nan Dispozisyon pou Elijibilite Kominotè (CEP), oswa
    • Elèv ki te detèmine ki elijib pou NSLP pa distri lekòl la atravè yon aplikasyon.

    Elèv ki lekòl adomisil yo ak Lekòl Viryèl Florid yo (FLVS) pa kalifye pou avantaj P-EBT Ete 2023.

    3. Ki elèv ki “Sètifye yon fason dirèk” pou avantaj P-EBT?

    Sètifye yon fason dirèk vle di FDACS detèmine ke yon elèv elijib pou manje midi gratis oswa pri redui atravè NSLP. Elèv ki te resevwa SNAP (Asistans Manje), TANF (Asistans Finansye Tanporè) oswa Medicaid EPI ki te ale nan yon lekòl ki te patisipe nan NSLP pandan ane eskolè 2022-2023 yo konsidere kòm sètifye dirèkteman.

    4. Kijan mwen ka konnen si pitit mwen an te ale nan yon lekòl te patisipe nan Pwogram Nasyonal Manje nan Lekol (NSLP) pandan ane eskolè 2022-2023?

    Ou ka wè lis lekòl Florid ki te patisipe nan pwogram Nasyonal Manje nan Lekòl pandan ane eskolè 2022-2023 a la a:

    Lekòl Kominotè ki Elijib (CEP) ak Lekòl Dezyèm nivo (P2) yo idantifye ak yon ‘wi’ nan kolòn CEP ak P2.

    5. Èske pitit mwen ki enskri nan SNAP ki poko gen 6 an ap resevwa yon avantaj P-EBT ete 2023?

    Akoz fen ijans sanitè federal la, P-EBT pou timoun ki enskri nan SNAP ki poko gen laj 6 an p ap bay pandan Ete 2023.

    6. Ki kantite avantaj mwen pral resevwa?

    Chak elèv ki gen laj lekòl ki elijib nan Florid pral resevwa yon avantaj inik P-EBT ete 2023 $120 ki kouvri ete 2023. Jan yo endike sa nan memo sa a ki soti nan Sèvis Manje ak Nitrisyon (FNS) USDA a, Kongrè a mande pou avantaj P-EBT pou tout peryòd ete 2023 ki kouvri a pa dwe depase $120 pou chak moun ki elijib.

    7. Kijan mwen pral resevwa avantaj P-EBT mwen an?

    Avantaj P-EBT ete yo pral depoze sou aktyèl kat EBT yon kay, kat P-EBT ki egziste deja, oswa yon nouvo kat P-EBT.

    Pou elèv ki elijib k ap resevwa avantaj SNAP, avantaj P-EBT yo pral ajoute sou kat EBT fanmi yo ki egziste deja. Pou elèv ki elijib k ap resevwa Medicaid ak/oswa TANF, avantaj P-EBT yo pral ajoute sou yon kat P-EBT.

    Si ou te deja resevwa yon kat P-EBT, kenbe kat P-EBT yo te voye ba ou pa lapòs anvan an. Si elèv ou an elijib pou avantaj P-EBT Ete 2023 a, avantaj adisyonèl yo pral rechaje lè yo bay yo. Si ou pa gen kat P-EBT ou a ankò, ou ka mande yon ranplasman lè ou rele 1-833-311-0321.

    Si ou p ap resevwa avantaj SNAP kounya oswa si yo pa te ba w yon kat P-EBT deja, yo pral voye yon nouvo kat P-EBT ba ou pa lapòs.

    8. E si mwen gen yon elèv ki gen laj pou lekòl ki t ap resevwa repa gratis ak repa avèk pri redui epi ki pa te resevwa benfis P-EBT?

    Si ou kwè ke elèv ou a elijib men ou pa te resevwa yon kat P-EBT oswa avantaj anvan 31 out 2023, ou ka kontakte Sant Apèl P-EBT nan 1-833-311-0321 oswa ranpli Fòmilè demann an liy la anvan 22 septanm 2023.

    9. Ki fòm verifikasyon ki akseptab?

    verifikasyon enskripsyon lekòl la ka gen ladann:

    • Kanè
    • Relve nòt lekòl la
    • Kat idantite elèv la
    • Prim oswa sètifikasyon lekòl yo
    • Lèt de direktè lekòl la

    Men kèk egzanp verifikasyon akseptab pou manje midi gratis oswa a pri redui:

    • Lèt elijiblite pou manje gratis oswa a pri redui ki soti lekòl/distri lekòl la

    Verifikasyon ou soumèt la dwe montre klèman non elèv la, non lekòl la ak dat oswa ane lekòl la.

    10. Kilè mwen pral resevwa avantaj P-EBT mwen yo?
    Elèv ki elijib yo pral resevwa yon avantaj inik P-EBT ete 2023 ant jiyè 2023 jiska septanm 2023. Delè emisyon yo ka pwolonje jiska desanm 2023 selon disponiblite done yo.
    11. Kisa P-EBT Portal la ye?

    Depatman an te devlope Pòtal P-EBT ak Fòmilè Demann Anliy la kòm yon lòt metòd pou paran/gadyen legal elèv ki elijib yo kontakte Depatman an konsènan pwoblèm ki gen rapò ak avantaj P-EBT. Depatman an ap aksepte demann pou P-EBT Ete 2023 jiska 22 septanm 2023.

    Paran/gadyen legal yo dwe soumèt yon kesyon pou chak timoun. Demann ki an doub yo ka lakoz yon tan repons ki pi long.

    Si ou bezwen bay verifikasyon enskripsyon lekòl la ak kalifikasyon pou manje midi gratis oswa a pri redui pandan ane eskolè 2022-2023, ou ka telechaje epi anekse li kòm yon foto oswa yon dokiman nan premye demann ou an.

    12. Kòman m ap fè konnen lè yo ajoute avantaj P-EBT mwen sou kat EBT mwen an?

    Ou ka jwenn balans ou pandan w ap konekte sou Pòtay Mèt Kat EBT a oswa atravè aplikasyon ebtEDGE la. Epitou ou ka rele nimewo Sèvis Kliyantèl EBT a (1-888-356-3281) ki sou do kat ou an. Aprè ou fin antre sèz (16) chif nimewo kat EBT/P-EBT ou an, ou pral tande balans aktyèl asistans alimantè ou an.

    Pou aktyèl benefisyè SNAP yo, yo pral mete montan avantaj P-EBT yo bay la sou kont ou a separe de avantaj regilye SNAP ou yo nan pòtay sèvis otomatik ou an sou: https://www.myflorida.com/accessflorida/.

    13. Kisa mwen ka achte avèk avantaj P-EBT yo?

    Fanmi yo ka itilize avantaj P-EBT yo pou achte pen, sereyal, fwi, legim, vyann, pwason, bèt volay, pwodui letye, epi plant ak semans pou fè pouse aliman pou fanmi an manje. Fanmi yo pa kapab itilize avantaj P-EBT yo pou achte atik ki pa atik alimantè tankou manje pou bèt domestik, savon, pwodui papye, atik menaje, atik twalèt, bwason ki gen alkòl, tabak, vitamin, medikaman, manje pou manje nan magazen an, oswa manje cho.

    14. Ki detayan ki aksepte P-EBT?

    Yo ka itilize avantaj P-EBT yo pou achte pwodui alimantè nan men detayan ki afiche yon logo/ansèy Quest oswa SNAP. Pou jwenn detayan ki pi pre kote ou ka itilize avantaj ou yo, telechaje aplikasyon mobil gratis ebtEDGE la sou https://www.fisglobal.com/ebtedgemobile

    Benefisyè SNAP yo ka achte pwovizyon an liy gras ak yon kat EBT. Apati septanm 2022, detayan k ap patisipe yo genyen ladan Walmart, Amazon, ALDI, BJ's Wholesale Club, Publix, Target, Hitchcocks Market, Freshfields Farm, Mt. Plymouth IGA, ak Wholefoods.

    15. Kilè avantaj P-EBT mwen yo ap ekspire?
    Avantaj yo ap ekspire apre 274 jou (9 mwa) inaktivite. Si yo ajoute avantaj sou kat EBT aktyèl ou a, y ap itilize avantaj P-EBT yo an premye.
    16. E si yon elèv abite nan plizyè kay?

    Si w ap resevwa SNAP, TANF, oswa Medicaid aktyèlman epi ou gen yon elèv k ap resevwa manje gratis ak manje avèk pri redui nan lekòl la, yo pral bay fanmi ki anrejistre nan Depatman Timoun ak Fanmi an avantaj P-EBT.

    Si w pa resevwa SNAP, TANF, oswa Medicaid, yo pral bay paran oswa gadyen legal la avantaj P-EBT a dapre enfòmasyon Depatman Edikasyon an bay.

    17. E si mwen te resevwa yon kat P-EBT epi mwen pa bezwen avantaj avantaj sa a?

    Yo ta dwe detwi kat P-EBT si yo pa nesesè. Yo pa ka bay avantaj P-EBT yo ni transfere yo bay okenn lòt moun. Avantaj la se pou elèv ki elijib sèlman epi yo ka itilize sèlman pou elèv la ak moun lakay li yo.

    18. Kijan kat P-EBT a prezante?

    Devan kat la

    Devan kat la

    Dèyè kat la

    Back of Card

     

     

     

     

     

     

    Kat la ap nan on nan yon anvlòp ki klè epi blan ak adrès pou retounen sa a:
    Florida – P-EBT
    P.O. Box 7250
    Sioux Falls, SD 57117-7250

    19. Kijan mwen ka aktive kat P-EBT a?
    1. Sou entènèt nan ebtedge.com
    2. Ou ka telechaje aplikasyon mobil ebtEDGE la. Aplikasyon mobil ebtEDGE la disponib sou App Store ak sou Google Play.
    3. Rele Sèvis Kliyantèl EBT a nan 1-888-356-3281

    Pou aktive kat P-EBT a, w ap bezwen enfòmasyon sa yo:

    1. 16 chif nimewo kat la
    2. Kòd postal adrès postal ou a
    3. 6 chif dat nesans (2 chif pou mwa a, 2 chif pou jou a, ak 4 chif pou ane a) pitit ou an ak swa SSN timoun nan oswa kòd postal adrès postal la. Epitou, ou kapab bezwen mete PIN sou kat la ak Dat Nesans Benefisyè a, SSN nan, oswa Dat nesans ak kòd postal la. Ou dwe eseye sa a anvan ou rele pou jwenn èd pou mete pin sou yon kat.
    4. Si ou seleksyone Panyòl pandan itilizasyon ARU a, Dat Nesans lan pral rantre nan fòma jj/mm/aaaa.
    20. Kijan mwen ka mande yon kat ranplasman?

    Si ou te resevwa yon kat P-EBT epi ou bezwen ranplase l, ou ka rele 1-888-356-3281 pou deklare ke kat P-EBT ou an pèdi, yo vòlè l, li andomaje, oswa ou pa te resevwa kat P-EBT ou an. Tanpri sonje, si ou te deja eskane kòd QR ki sou sipò kat la epi ou telechaje aplikasyon EBT a, ou ka deklare kat P-EBT ou an kòm yon kat ki pèdi, yo vòlè oswa andomaje sou aplikasyon an.