Sorry, you need to enable JavaScript to visit this website.
 

Pwogram Pilòt Acha sou Entènèt la

    1. Ki detayan ki pral aksepte peman SNAP sou entènèt? Kijan mwen pral konnen lè plis detayan antre nan pwogram pilòt pou achte sou entènèt la?

    Depi nan mwa Desanm 2020, Walmart, Amazon, Aldi, BJ’s Wholesale Club, Freshfields Farm, Hitchcock’s Markets, Publix, Mt. Plymouth IGA ak Whole Foods aksepte peman SNAP sou entènèt. Plis detayan ka rantre nan pwopgram pilòt acha sou entènèt la pandan l ap pwogrese. Nou pral pataje dènye nouvèl ak enfòmasyon enpòtan ak tout benefisyè avantaj SNAP ou kou yo disponib.

    2. Kijan mwen pral fè konnen si detayan sa yo ka fè livrezon lakay mwen? Èske mwen ka itilize SNAP pou peye pou livrezon an?

    Pou detèmine si livrezon pwovizyon disponib pou zòn lakay ou, tanpri ale sou sitwèb detayan yo. Kòd postal livrezon ki disponib yo endike ki kote detayan yo ka jwenn pou bay tout machandiz yo, menm sa ki ka gate yo.

    Tanpri sonje, ou gen dwa itilize kat EBT a sèlman pou achte manje ki apwouve yo, epi ou pa ka itilize li pou frè livrezon yo.

    3. Èske li sekirize si mwen itilize kat EBT mwen an sou entènèt?

    Ou pral toujou bezwen mete nimewo idantifikasyon pèsonèl (PIN) ou pou itilize kat EBT ou sou entènèt. Tout detayan k ap patisipe nan pwogram pilòt pou achte manje sou entènèt la ap itilize metòd dechifraj pou antre PIN ki konfòme ak lalwa pou garanti tranzaksyon yo sekirize.

    4. Kijan pou mwen kòmande manje ak pwogram sou entènèt la?