Sorry, you need to enable JavaScript to visit this website.
 

USDA HHS Deklarasyon Non Diskriminasyon

Español  |  English

Dapre lwa federal sou dwa sivil ak règleman ak politik Depatman Agrikilti Etazini (USDA) sou kesyon dwa sivil, USDA, ajans li yo, biwo, ak anplwaye li yo, ak enstitisyon k ap patisipe oswa administre pwogram USDA yo entèdi pou yo fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks (ki genyen ladan idantite sèks ak oryantasyon seksyèl), kwayans relijye, andikap, laj, kwayans politik, oswa reprezay oswa vanjans pou yon aktivite anvan ki gen rapò ak dwa sivil nan nenpòt pwogram oswa aktivite ki fèt oswa ki finanse pa USDA. Pwogram ki resevwa asistans finansye federal nan men Depatman Sante ak Sèvizimèn (HHS), tankou Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Nesesite (TANF), ak pwogram ke HHS jere dirèkteman yo entèdi tou pou fè diskriminasyon dapre lwa federal sou dwa sivil ak règleman HHS yo.

Moun andikape ki bezwen lòt mwayen kominikasyon pou enfòmasyon sou pwogram nan (pa egzanp, Bray, gwo lèt, kasèt odyo, Lang Siy Ameriken), ta dwe kontakte ajans lan (eta oswa lokal) kote yo te aplike pou avantaj yo. Moun ki soud, moun ki tande di oswa ki genyen andikap nan langaj kapab kontakte USDA atravè Sèvis Relè Federal la nan (800) 877-8339. Anplis, enfòmasyon sou pwogram yo kapab disponib nan lòt lang ki pa Anglè.

PLENT SOU DWA SIVIL KI ENPLIKE PWOGRAM USDA YO

USDA bay asistans finansye federal pou anpil pwogram sekirite alimantè ak rediksyon grangou tankou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP), Pwogram Distribisyon Manje sou Rezèvasyon Endyen yo (FDPIR) ak lòt. Pou depoze yon plent pou diskriminasyon nan kad yon pwogram, ranpli Fòmilè Plent pou Diskriminasyon nan kad Pwogram, (AD-3027) (y ap jwenn yo sou entènèt nan: Fason pou Depoze yon Plent, epi nan nenpòt biwo USDA) oswa ekri yon lèt ki adrese bay USDA epi bay nan lèt la tout nan enfòmasyon yo mande nan fòmilè a. Pou mande yon kopi fòmilè plent lan, rele (866) 632-9992. Soumèt fòmilè ou te ranpli a oswa lèt ou an bay USDA pa:

  1. lapòs: Food and Nutrition Service, USDA
    1320 Braddock Place, Room 334, Alexandria, VA 22314; oswa
  2. faks: (833) 256-1665 or (202) 690-7442; oswa
  3. telefòn: (833) 620-1071; oswa
  4. imèlFNSCIVILRIGHTSCOMPLAINTS@usda.gov.

Pou jwenn nenpòt lòt enfòmasyon konsènan pwoblèm SNAP yo, moun yo ta dwe swa kontakte nimewo liy dirèk USDA SNAP la nan (800) 221-5689, ki an Espanyòl tou, oswa rele nimewo enfòmasyon/liy dirèk eta yo (klike sou lyen an pou jwenn yon lis nimewo liy dirèk selon eta a); n ap jwenn yo sou entènèt nan: Liy dirèk SNAP.

PLENT SOU DWA SIVIL KI ENPLIKE PWOGRAM HHS YO

HHS bay asistans finansyè federal pou anpil pwogram pou amelyore sante ak byennèt, tankou TANF, Head Start, Pwogram Asistans pou Enèji nan kay ki gen Revni ki Ba (LIHEAP), ak lòt. Si ou kwè ke yo te fè diskriminasyon kont ou akoz ras ou, koulè, orijin nasyonal ou, andikap, laj, sèks (tankou gwosès, oryantasyon seksyèl, ak idantite sèks), oswa relijyon nan pwogram oswa aktivite ke HHS jere dirèkteman oswa kote HHS bay asistans finansye federal, ou ka depoze yon plent nan Biwo Dwa Sivil (OCR) pou oumenm oswa pou yon lòt moun.

Pou depoze yon plent pou diskriminasyon pou oumenm oswa pou yon lòt moun konsènan yon pwogram k ap resevwa asistans finansye federal atravè HHS, ranpli fòmilè a sou entènèt sou Pòtay Plent OCR nan https://ocrportal.hhs.gov/ocr/. Epitou ou ka kontakte OCR pa lapòs nan: Centralized Case Management Operations, U.S. Department of Health and Human Services, 200 Independence Avenue, S.W., Room 509F HHH Bldg., Washington, D.C. 20201; faks: (202) 619-3818; oswa imèl: OCRmail@hhs.gov. Pou yon tretman ki pi rapid, nou ankouraje w pou itilize pòtal an liy OCR la pou depoze plent olye ou voye yo pa lapòs. Moun ki bezwen asistans pou depoze yon plent ki gen rapò ak dwa sivil ka voye yon imèl bay OCR nan OCRMail@hhs.gov oswa rele OCR gratis nan 1-800-368-1019, TDD 1-800-537-7697. Pou moun ki soud, moun ki tande di, oswa ki gen difikilte nan lapawòl, tanpri rele 7-1-1 pou jwenn aksè nan sèvis relè telekominikasyon yo. Nou bay fòma altènatif tou (tankou Bray ak gwo lèt), èd oksilyè ak sèvis asistans lang gratis pou depoze yon plent.

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egal.