Sorry, you need to enable JavaScript to visit this website.
 

Kat Transfè Elektwonik Avantaj la (EBT Card)

English  |  Español

Depi yo fin apwouve ou pou avantaj SNAP epi/oswa TANF yo, y ap voye kat EBT ki rechajab la pa lapòs nan adrès postal ou bay nan dosye ou an epi ki pral sanble ak sa a:

Electronic Benefits Transfer (EBT) Card

 

Y ap mete kat lan nan yon anvlòp blan nòmal ki gen adrès pou reponn lan ki nan Sioux Falls, SD sou li. Montan avantaj ou an pral parèt sou kat ou an otomatikman chak mwa.

Kat EBT ou an p ap gen yon dat ekspirasyon sou li ankò. Si kat ou an gen yon dat ekspirasyon sou li, kat lan pral ekspire nan dènye jou mwa/ane ki parèt sou kat lan. Si pa genyen yon dat ekspirasyon devan kat EBT ou an, w ap sèlman ranplase Kat EBT ou an si yo vòlè li, si li pèdi oswa domaje.