Sorry, you need to enable JavaScript to visit this website.
 

Enfòmasyon pou demann èd

English  |  Español

Byenvini nan prezantasyon pwosesis pou fè yon demann nan Biwo pou endepandans ekonomik ki nan Depatman Timoun ak Fanmi Florida (Department of Children and Families Office of Economic Self-Sufficiency). Pòtay pou sèvis lib ESS la pèmèt kliyan an konekte avèk enfòmasyon pou èd piblik li yo 24 sou 24 ak 7 jou sou 7.

Fè yon demann èd

Ou ka fè yon demann èd apati nenpòt òdinatè ki gen koneksyon entènèt nan www.myflorida.com/accessflorida oswa nan youn (1) nan sit patnè kominotè nou yo. Ou ka ranpli yon demann sou papye epi ou kapab voye li nan kourye lapòs, fakse l oswa pote li tounen nansant sèvis kliyantèl ki nan zòn ou a tou.

Pou telechaje demann nan sou papye, tanpri al gade paj pou fòm yo.

Aplike pou benefis asistans piblik gratis. Kliyan yo ka aplike sou Entènèt gratis lè yo itilize Portal Oto-Sèvis pou Otonomi Ekonomik yo oswa lè yo vizite yon Patnè Kominotè DCF. Si w kwè yo te fè w peye yon frè ki pa apwopriye oswa si w sispèk fwod pou w rapòte w, tanpri fè sa nan lyen sa a: https://www.myflfamilies.com/service-programs/public-benefits-integrity/fraud/.

Pou jwenn yon patnè kominotè nan zòn ou an, tanpri vizite: https://access-web.dcf.state.fl.us/CPSLookup/search.aspx.

Ou fèk soumèt demann ou a: Ki sa ki vin aprè?

Li Ki sa ki vin aprè? (Vèsyon panyòl) (vèsyon Kreyòl)


Pòtay pou sèvis lib ESS la disponib 24 sou 24 ak 7 jou sou 7

Lè w itilize Pòtay pou Sèvis Lib la ki disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7 se mwayen ki pi rapid pou fè chanjman oswa verifye estati avantaj ou yo, pandan w ap evite rete tann. Anplis, asistans vityèl Depatman Timoun ak Fanmi pare pou li ede kliyan yo pandan l ap bay yo enfòmasyon sou dosye a ak reponn kesyon yo genyen sou avantaj yo. Anplis ou gen aksè 24 sou 24 nan dosye ou a, ou kapab soumèt yon demann pou verifikasyon nan depatman an pandan w ap itilize fonksyon pou telechaje dokiman yo tou. Klike la pou konekte ak kont ou a. Si ou poko anrejistre yon kont, klike la pou anrejistre jodiya

Epitou ou kapab jwenn enfòmasyon sou demann oswa avantaj ou yo pandan w ap itilize sistèm repons otomatik ki nan 850-300-4323. Nimewo dosye oswa nimewo sekirite sosyal ak dat nesans ou nesesè pou jwenn enfòmasyon sou dosye ou a.

TANPRI SONJE - Ou ka bezwen omwen de (2) semèn anvan ou rele pou verifye nan ki pwen aplikasyon ou an rive.

Kijan m kapab aplike?

Konbyen tan sa ap pran pou ranpli yon demann?

Li kapab pran apepeprè 30 minit an mwayèn pou pifò kliyan nou yo ranpli yon demann anliy. Se metòd ki pi rapid pou aplike. Depi ou fin ranpli demann la, ou ka soumèt li dirèkteman nan Depatman timoun ak fanmi pandan w ap itilize opsyon pou siyati elektwonik la.

Kisa ki pase aprèsa?

Tretman demann ou ka pran 30 jou (li ka pran plis tan si w bezwen yon detèminasyon envalidite sètadi yon desizyon ki konfime ou gen yon andikap). Nou ankouraje w enskri pou resevwa notifikasyon pa imèl. Depi ou chwazi opsyon sa a w ap resevwa yon alèt lè nou poste yon avi sou kont ou a. Si ou pa enskri pou resevwa notifikasyon nan yon imèl n ap voye avi ou yo nan kourye lapòs.

ETAP 1: Y ap egzamine demann ou a pou wè si w bezwen yon entèvyou.

  • • Si w bezwen yon entèvyou:
    • N ap rele w nan yon delè 5 jou nan nimewo telefòn ou te bay la. Si nou pa kapab jwenn ou n ap kite yon mesaj epi n ap voye yon avi avèk kontak enfòmasyon nou yo.
    • Pandan entèvyou a, n ap poze kesyon sou sitiyasyon fanmi ou a.
    • Nou ka poze w kesyon pou ede nou verifye idantite w tou.

ETAP 2: Ou ka bezwen bay enfòmasyon anplis.

  • N ap ba w oswa n ap voye yon avi ki montre sa w ap bezwen.
  • Nan avi sa a w ap gen yon delè pou bay enfòmasyon yo mande w yo. Men kèk egzanp:
    • Prèv idantite, sitwayènte, ak estati ki di ou pa yon sitwayen.
    • Prèv pou revni ki rantre ak sa a ki pa rantre pou chak manm nan fanmi a (tankou souch chèk pou kat (4) dènye semèn yo, pansyon alimantè pou timoun, avi ki sòti nan Sekirite Sosyal oswa nan administrasyon pou Veteran yo)
  • Ou kapab voye dokiman yo nan yon imèl, fakse yo, telechaje yo nan pòtay sèvis lib ESS la, oswa bay enfòmasyon yo nan yon biwo ki nan zòn ou a oswa bay yon patnè kominotè.  Tanpri ekri nimewo ACCESS oswa nimewo dosye ou a, non w, dat nesans, nimewo telefòn, elatriye, sou tout enfòmasyon ou bannou.
  • W ap bezwen 3 jou pou kont ou a montre nou te resevwa enfòmasyon yo.

ETAP 3: Nou te resevwa enfòmasyon ou yo epi n ap trete demann ou a.

  • • Bezwen ou yo enpòtan pou nou epi nou vle asire nou fanmi w resevwa bon avantaj la, men li ka toujou pran 30 jou pou nou fini ak demann ou a (li ka pran plis tan si w bezwen yon detèminasyon envalidite)

ETAP 4: Yo detèmine kalifikasyon ou a.

  • • Èd manje oswa èd lajan:
    • Si ou kalifye pou premye fwa, epi yo apwouve dosye ou a, y ap voye yon kat Transfè Elektwonik pou Avantaj (Electronic Benefits Transfer, EBT) pa lapòs pou ou ak yon ti liv ki eksplike kòman pou itilize kat ou a.
    • Si w te resevwa avantaj pandan 24 mwa ki sot pase yo epi ou toujou gen yon kat Transfè Elektwonik pou Avantaj, ou kapab itilize kat sa a si nimewo dosye ou a menm epi kat la pa ekspire (Gade dat ekspirasyon ki sou kat la).
    • Si ou pa gen kat Transfè Elektwonik pou Avantaj oswa si kat ou
      a ekspire, tanpri kontakte sèvis kliyantèl Transfè Elektwonik pou Avantaj nan 1-888-356-3281 pou yo ranplase l.
    • Si ou fè yon nouvo demann epi sa a fè plis pase 24 mwa depi ou te resevwa èd pou manje oswa lajan, y ap voye otamatikman yon nouvo kat Transfè Elektwonik pou Avantaj nan kourye lapòs pou ou.
  • Medicaid:
    • Si ou kalifye pou Medicaid w ap resevwa yon kat lò (gold card) nan kourye lapòs pou manm fanmi ki kalifye yo. Ajans pou Administrasyon Swen Sante (Agency for Health Care Administration, AHCA) ap voye enfòmasyon sou konsèy pou chwazi Medicaid ou a si ou bezwen chwazi yon plan swen ki jere.
  • Si w pa kalifye pou youn (1) oswa pou tout avantaj yo (èd pou manje oswa lajan oswa Medicaid):
    • W ap resevwa yon avi nan kourye lapòs oswa nan pòtay sèvis lib ESS ou a avèk rezon ki fè ou pa kalifye yo.

Èske gen nenpòt lòt kote m kapab ale pou m jwenn èd?

Gen lòt sèvis ki disponib pou ou nan lòt ajans ak òganizasyon yo. Klike la pou w wè lis lòt pwogram Eta a ak administrasyon ofri ki ka ede w.